mta.info


Lèt pou voye bay Pasaje Tren Tranzit Vil Nouyòk



Lèt Elliot G. Sander voye


Chè Pasaje Tren:

Mwen kontan pou entwodui premye Fich Evalyasyon Pasaje. Ankèt sa a ap evalye eksperyans ou fè nan sèvis nou an epi pou ede nou afekte resous nou yo nan zòn kote yo pi nesesè.

Deplasman ou se responsablite nou. Ou ta dwe fè deplasman ou alè, pwòp, ak alèz, epitou anons nou yo ta dwe klè ak enstwiktif.

Tanpri ede nou amelyore sèvis la. Pou fè sa, reponn kesyonè sa a pou fè nou konnen eksperyans ou.

Kòmantè ou yo enpòtan. Objektif nou se pou sèvi w pi byen.

Mèsi paske ou fvwayaje avèk nou.

Sensèman,

Elliot G. Sander signature graphic
Elliot G. Sander
Direktè Egzekitif ak
Direktè Jeneral
Otorite Transpò Metwopoliten

Lèt Howard H. Roberts, Jr. voye


Chè Pasaje Tren:

Tranzit MTA vil Nouyòk vle konnen pwendvi ou konsènan liy tren ou, ak sa w ta renmen wè ki vin pi bon.

Tanpri ranpli epi retounen ban nou Fich Evalyasyon Pasaje sa a pou klase sèvis ou resevwa a epi fè nou konnen sa ki priyorite pou fè amelyorasyon. N ap itilize rezilta ankèt sa a pou klase liy ou epitou rezilta yo ap vin baz plan nou pou amelyore sèvis la ak pou kontwole rannman anplwaye yo. Ou kapab reponn kesyonè ankèt sa a sou entènèt nan sit wèb www.mta.info kote w ap jwenn li disponib an 13 lang.

Plan nou se pou mande w pou klase nou sou rannman nou bay pou liy ou an chak ane.

Mèsi pou tan ou pran pou ede nou. N ap tann konsa pou sèvi ou pi byen.

Sensèman,

Howard H. Roberts signature graphic
Howard H. Roberts, Jr.
Prezitan
Tranzit MTA vil Nouyòk




.